Friday, October 2, 2015




Mizisyen ayisyen, pwomotè bal, animatè radyo ak TV, tout moun k ap bwase nan sekè mizik la, li lè, li tan pou nou fè yon jès mezanmi pou ride latriye frè ak sè nou peyi Panyòl kannale tounen nan lawont ak imilyasyon akòz, prensipalman, yo se ayisyen menm jan ak nou. 

M tande Leta ba chak rapatriye 1,000 pyas ak yon sachè sinistre. Bon, se petèt sa Leta ayisyen ka bay paske leta nou an pa rich, nou konn sa deja. Se yon leta bòl ble.  E nou menm, kisa nou ka bay nou menm? Kisa nou ka fè pou pwouve sa konsènen nou tout?

Nou fin awoyo sou Rezo sosyo ap plenyen, denonse, chante kantamwa, poste foto ayisyen dominiken swadizan filange ak manchèt koulin, an nou AJI kounye a. An nou fè yon jès!

Peyi a te leve kanpe bridsoukou pou sipòte seleksyon nasyonal la nan dènye Gold Cup la. Nan mwens pase 4 jou, nou te ranmase plis pase 2 milyon Goud, si m sonje. Rapatriye yo bezwen nou jodia!!!!

Poukisa nou pa òganize yon gwo konsè Pak Kanasik ki konn pran 4,000 moun, menm si yo sere tankou aransò nan kès, oswa yon lòt kote ki ka kenbe anpil moun. Pou konsè sa a, Pak Kanasik t ap bay anndan an gratis. Tout djaz t ap vin jwe gratis. Pwomosyon l t ap fèt gratis. Moun son, limyè elatriye t ap travay gratis. Nou te ka fè l antre 500 pyas men mete yon gwoup moun anndan an pou ranmase kòb sitwayen bon volonte vle bay anplis 500 pyas la. Yo t ap ba chak moun yon resi pou kontribisyon l.

Moun nan dyaspora a ki toujou reponn prezan lè lapatri an danje, lè lapatri ak sibi lawont, te ka bay ti lòsyè pa yo tou, si nou ta vle chanje l nan fòm radyoton oswa teleton.

Nou t ap remèt tout lajan nou ranmase yo bay yon Oganizasyon oswa Ministè Zafè Sosyal pou soulaje malere ak malerèz 2 bra balan panyòl fòse tounen ak 2 grenn dan yo jòn pase mayi.

12 janvye pase, sektè mizik la pa fè anyen. Okontrè, se plenyen yo t ap plenyen 2 mwa apre pou plezi rekòmanse paske yo gen bil pou peye. Nan menm moman an,  anpil atis peyi letranje t ap fè teleton pou nou.  Se 2-3 grenn atis ayisyen ki t ap fè wont sèvi kòlè nan al chache èd nan men ONG pou bay ti sachè dlo nan kan deplase yo. Siklòn pase, menm penpenp lan.

An nou pwofite sitiyasyon sa a ki fè plim leve sou do chak ayisyen ki gen san Desalin ak Petyon k ap  koule nan venn yo pou montre sektè mizik la pa senpman la pou bwote grinbak al sere labank men yo ka ride tou lè gen bezwen. Yon atis se yon aktè sosyal!

Nan tout peyi, ou toujou wè atis (sitou mizisyen) mete tèt yo ansanm pou òganize gwo konsè pou bay sipò lè gen gwo katastwòf, janmen ann Ayiti. Se toujou yon grenn oswa 2 grenn nèg k ap fè ti jès izole men nan pawòl mizik, nou toujou ap preche linyon. PWOUVE SA JODIA.

Nan sezon Nwèl sa a, ann fè yon jès ak konpatriyòt nou yo!

Mwen pa konn fè bal, mwen pa animatè radyo, mwen pa gen kontak esponsò. Moun ki konn domèn sa a, ann eseye fè yon bagay nan mwa desanm nan. An nou ‘’GIVE BACK’’!!!


Suiv mwen sou Twitter -->> @djecee







No comments:

Post a Comment